1 Corinthians 3:15
Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li.
16Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
Cross References
Amos 4:11Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Acts 27:21Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.
1 Corinthians 3:12Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.
2 John 1:8Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.
Revelation 3:18Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.