1 Corinthians 3:19
Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:11Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo!
2 Samuel 16:23Lè sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.
2 Samuel 17:23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
Job 5:13Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè.
Psalms 9:15(09:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
Isaiah 19:11Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye?