1 Corinthians 3:5
Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse.
Cross References
Luke 1:2Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a.
Romans 10:14Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
1 Corinthians 3:7Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.
1 Corinthians 4:1Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.
1 Corinthians 12:4Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
2 Corinthians 3:3Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an.