1 Corinthians 4:10
Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 11:12Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li.
Jeremiah 8:8Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Seyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l' di sa li pa di.
Matthew 5:11Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
Matthew 24:9Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.
Luke 10:16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
Acts 9:16Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen.