1 Corinthians 4:12
N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.
Bib La
In The King James Version
And labour, working with our own hands: being reviled, we bless; being persecuted, we suffer it:
In Context
Cross References
Matthew 5:44Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
Luke 23:34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
Acts 7:60Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri.
Acts 20:34Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen.
Romans 12:20Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.
1 Thessalonians 2:9Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.