1 Corinthians 4:14
Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.
Bib La
In The King James Version
I write not these things to shame you, but as my beloved sons I warn you.
In Context
Cross References
Acts 20:31Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.
1 Corinthians 6:5Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt,
1 Corinthians 15:34Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
2 Corinthians 7:3Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò.
2 Corinthians 12:14Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit.
Colossians 1:28Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.