1 Corinthians 4:17
Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Tanpri, pran egzanp sou mwen.
Cross References
Proverbs 13:17Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.
Matthew 25:21Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
Acts 19:21Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou.
1 Corinthians 4:15Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.
1 Corinthians 7:25Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an.
1 Corinthians 11:16Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.