1 Corinthians 4:19
Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.
Cross References
Acts 18:21Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz.
Acts 20:2Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrès.
1 Corinthians 2:6Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.
1 Corinthians 11:34Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.
1 Corinthians 16:5M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan.
2 Corinthians 1:23Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.