1 Corinthians 4:21
Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz la
Bib La
In The King James Version
What will ye? shall I come unto you with a rod, or in love, and in the spirit of meekness?
In Context
20Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.
Cross References
2 Corinthians 1:23Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.
2 Corinthians 2:3Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou.
2 Corinthians 10:1Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.
2 Corinthians 10:8Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.
2 Corinthians 13:2M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.
1 Thessalonians 2:7Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo.