1 Corinthians 4:5
Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 12:8Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.
Ecclesiastes 12:14Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.
Matthew 7:1Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,
Matthew 24:46Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li.
Matthew 25:23Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou.
Luke 12:1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.