The Bible Software
bible.software › 1 Corinthians › 1 Corinthians 4 › 1 Corinthians 4:6

1 Corinthians 4:6

Frè m' yo, nan tout bagay sa yo, si m' pran egzanp sou mwen ak Apolòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n' ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pesonn pran pati pou yon moun kont yon lòt.

Bib La

In The King James Version

And these things, brethren, I have in a figure transferred to myself and to Apollos for your sakes; that ye might learn in us not to think of men above that which is written, that no one of you be puffed up for one against another.

In Context

5Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.

7Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?

Read all of 1 Corinthians 4

Cross References

Job 11:11Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.

Psalms 146:3Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.

Jeremiah 17:5Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.

John 3:26Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.

1 Corinthians 1:12Men sa m' vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la.

1 Corinthians 1:31Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Corinthians 4:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Corinthians 4:51 Corinthians 41 Corinthians 4:7 →