1 Corinthians 5:11
Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.
Cross References
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Ezekiel 22:12Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Matthew 23:25Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.
Mark 7:21Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;
Luke 12:45Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou;
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.