1 Corinthians 5:4
Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 16:19M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
Matthew 18:20Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Matthew 28:20Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Acts 3:6Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
Acts 4:30Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.
2 Corinthians 2:9Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou.