1 Corinthians 5:8
Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.
Cross References
Exodus 13:6Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.
Numbers 28:16Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.
Deuteronomy 16:16Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid.
Psalms 32:2Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!
Isaiah 25:6Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.
Matthew 16:6Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.