1 Corinthians 6:14
Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
And God hath both raised up the Lord, and will also raise up us by his own power.
In Context
Cross References
John 6:39Men sa moun ki voye m' lan vle: li vle pou m' pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
Acts 2:24Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.
Romans 6:4Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
1 Corinthians 15:15Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve soti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve.
2 Corinthians 4:14Mwen konnen Bondye ki te fè Seyè Jezi leve soti vivan nan lanmò a, li gen pou l' fè m' tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l' fè m' parèt ansanm ak nou devan li.
Philippians 3:10Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,