1 Corinthians 6:18
Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li.
Cross References
Leviticus 15:18Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Proverbs 5:3Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
Proverbs 7:5Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.
Proverbs 9:16Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:
Romans 6:12Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè.
2 Corinthians 12:21Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.