1 Corinthians 6:19
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
Cross References
1 Kings 20:4Wa Akab reponn: -Di wa Bennadad, mèt mwen, se jan li vle! Li mèt pran m' ansanm ak tou sa m' genyen.
Psalms 12:4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
John 2:21Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.
1 Corinthians 3:16Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
2 Corinthians 5:15Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a.
Ephesians 2:21Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye.