1 Corinthians 7:11
Si li rive kite avè l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 22:19Y'a fè l' peye yon amann, y'a fè l' bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l', jouk li menm li mouri.
Isaiah 50:1Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
Mark 10:2Kèk farizyen pwoche bò kote l' pou yo wè si yo te kapab pran l' nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li?