1 Corinthians 7:17
Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 19:12Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l' asepte li.
1 Corinthians 4:17Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.
1 Corinthians 7:18Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pa t' sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen fè yo sikonsi li.
1 Corinthians 7:24Frè m' yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a.
1 Corinthians 16:1Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.
2 Corinthians 11:28San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo.