1 Corinthians 7:22
Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l', se yon moun lib sou kont Seyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l', se esklav Kris la li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun.
Cross References
Psalms 116:16Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.
John 8:32N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.
Romans 6:18Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
Galatians 1:10Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
Galatians 5:13Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Colossians 3:22Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.