1 Corinthians 7:30
Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t' pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 30:5(030:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.
Ecclesiastes 3:4Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt,
Isaiah 30:19Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.
Luke 6:25Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite koulye a, paske nou pral grangou pou n' mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri koulye a, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye.
John 16:22Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
Revelation 18:7Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.