1 Corinthians 7:35
Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m' ap sèvi Seyè a san dezanpare.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 8:14Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.
1 Corinthians 7:5Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.
1 Corinthians 7:33Yon moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi.
Ephesians 5:3Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.
1 Timothy 1:10pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.