1 Corinthians 7:40
Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Corinthians 7:6Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon.
1 Corinthians 7:25Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an.
1 Corinthians 9:1Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?
2 Corinthians 10:8Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.
1 Thessalonians 4:8Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute.