1 Corinthians 8:1
Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an.
Cross References
Numbers 25:2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
Isaiah 47:10Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.
Acts 15:19Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye.
Acts 21:25Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè.
Romans 12:16Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.
Romans 14:10Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.