1 Corinthians 8:10
Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 9:27Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
Romans 14:14Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li.
1 Corinthians 8:1Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.
1 Corinthians 8:7Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a.
1 Corinthians 10:28Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.