1 Corinthians 8:12
Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche.
Bib La
In The King James Version
But when ye sin so against the brethren, and wound their weak conscience, ye sin against Christ.
In Context
Cross References
Genesis 42:22Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye.
Exodus 32:21Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?
1 Samuel 19:4Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou.
Matthew 12:49Lè sa a, li lonje men l' sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m' ak frè m' yo.
Matthew 18:10Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.