1 Corinthians 9:10
Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 24:22Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
John 4:35Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase.
Romans 15:4Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye.
2 Corinthians 4:15Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.