1 Corinthians 9:12
Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:56Li reponn yo: -Pa ban m' reta. Seyè a pa fè m' vwayaje pou gremesi. Tanpri, kite m' al jwenn mèt mwen.
Luke 11:52Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.
Acts 20:31Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.
1 Corinthians 4:11Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete.
1 Corinthians 6:7Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?
1 Corinthians 9:15Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!