1 Corinthians 9:13
Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 6:26Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.
Leviticus 22:7Apre solèy kouche, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se lè sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l'.
Numbers 18:8Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.
Deuteronomy 18:1Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.
1 Corinthians 10:18Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la.