1 Corinthians 9:16
Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 6:5Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'.
Jeremiah 20:7Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.
Amos 3:8Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?
Matthew 25:16Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis.
Acts 4:20Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.
Acts 9:15Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.