1 Corinthians 9:19
Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 11:30Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
Matthew 20:26Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.
Romans 1:14Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li.
Romans 15:2Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye.
1 Corinthians 9:1Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?
1 Corinthians 10:33Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.