1 Corinthians 9:22
Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.
Cross References
Romans 15:1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
1 Corinthians 8:13Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.
1 Corinthians 10:33Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
Galatians 6:1Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.