1 Corinthians 9:23
Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.
Bib La
In The King James Version
And this I do for the gospel’s sake, that I might be partaker thereof with you.
In Context
Cross References
1 Corinthians 9:12Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la.
2 Corinthians 2:4Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil.
2 Timothy 2:6Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la.
Hebrews 3:1Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
1 Peter 5:1Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.