1 Corinthians 9:24
Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.
Cross References
Psalms 19:5(019:6) Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.
Jeremiah 12:5Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?
1 Corinthians 9:26Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li.
Galatians 5:7Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a?
Philippians 3:14Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
2 Timothy 4:7Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.