1 Corinthians 9:25
Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Corinthians 15:54Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.
Ephesians 6:12Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
2 Timothy 2:5Lè yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.
Titus 1:8Men, se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l' viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li.
Hebrews 12:4Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.
James 1:12benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.