1 Corinthians 9:6
Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv?
Bib La
In The King James Version
Or I only and Barnabas, have not we power to forbear working?
In Context
Cross References
Nehemiah 10:36Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye.
Acts 11:22Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch.
Acts 13:50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.
Acts 15:36Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye.
Acts 20:34Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen.
1 Thessalonians 2:9Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.