1 Corinthians 9:7
Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
6Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv?
8Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou.
Cross References
Deuteronomy 18:8l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'.
Proverbs 27:18Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
Song of Solomon 8:12Mwen gen jaden rezen pa m' m'ap okipe. Salomon, ou mèt kenbe mil (01.000) pyès ajan pa ou yo ak desan (0200) pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la.
Jeremiah 23:2Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Acts 20:28Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
2 Corinthians 10:4Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,