1 John 4:20
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.
21Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
Cross References
1 Peter 1:8Nou renmen l', atout nou pa te wè l'; nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l' koulye a. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj,
1 John 2:4Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.
1 John 2:11Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
1 John 4:12Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.