1 John 5:16
Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò.
Cross References
Exodus 32:31Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye.
Numbers 12:13Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non!
Numbers 15:30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
Deuteronomy 9:18Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil.
2 Chronicles 30:18Paske pifò moun ki te soti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pa t' fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di: -O Seyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen