1 Kings 1:11
Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 3:4Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'.
2 Samuel 12:24Apre sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l', Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l' Salomon. Seyè a te renmen ti gason sa a.
1 Kings 1:10Men, li pa t' envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l' la.
1 Chronicles 22:9Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè.
1 Chronicles 29:1Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.