1 Kings 1:13
Ou prale jwenn wa a, w'ap di l' konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m' sèman se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki tapral chita sou fotèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa koulye a?
Bib La
In The King James Version
In Context
14Pandan w'ap pale ak wa a konsa, mwen menm m'ap antre dèyè ou, m'ap di wa a menm bagay la tou.
Cross References
Deuteronomy 17:18Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo.
1 Kings 1:17Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m' sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fotèy la nan plas ou.
1 Kings 1:30Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.
1 Kings 1:48Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.
1 Chronicles 22:6Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l' lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
1 Chronicles 29:23Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'.