1 Kings 1:24
Lèfini, li di konsa: -Monwa, mèt mwen, èske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fotèy la nan plas ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 1:5Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'.
1 Kings 1:17Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m' sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fotèy la nan plas ou.