1 Kings 1:39
Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 30:23-Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl,
Exodus 30:35W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen.
1 Samuel 16:13Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
1 Kings 1:34Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!
2 Kings 9:13Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: —Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
1 Chronicles 29:22Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou.