The Bible Software
bible.software › 1 Kings › 1 Kings 1 › 1 Kings 1:40

1 Kings 1:40

Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.

Bib La

In The King James Version

And all the people came up after him, and the people piped with pipes, and rejoiced with great joy, so that the earth rent with the sound of them.

In Context

39Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!

41Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?

Read all of 1 Kings 1

Cross References

1 Samuel 4:5Lè Bwat Kontra Seyè a rive nan kan an, tout moun Izrayèl yo bay yon sèl gwo rèl, tè a tranble.

2 Kings 11:14Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: —Men yo moute yon konplo sou do m!

1 Chronicles 12:38Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.

Daniel 3:5Talè konsa nou pral tande yo kònen twonpèt. Apre sa, yo pral jwe fif, bandjo, gita. Lèfini, yo pral jwe tout lòt enstriman mizik yo ansanm. Lè mizik la konmanse, se pou nou mete ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a. Se pou nou adore l'.

Luke 19:37Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Kings 1:40

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Kings 1:391 Kings 11 Kings 1:41 →