1 Kings 1:9
Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:7Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l' al bout sou Anwogèl.
2 Samuel 15:11Te gen desan (0200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l', men yo pa t' konn anyen nan zafè konplo a.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.