1 Kings 10:1
Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:7Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.
Genesis 25:3Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo.
1 Kings 4:31Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon.
1 Kings 5:14Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil (010.000) moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li.
2 Chronicles 9:1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l' ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.