1 Kings 10:24
Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
Bib La
In The King James Version
And all the earth sought to Solomon, to hear his wisdom, which God had put in his heart.
In Context
23Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
Cross References
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
1 Kings 3:28Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.
2 Chronicles 1:11Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an.
Proverbs 2:6Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
Daniel 2:21Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.
Daniel 5:11Gen yon moun nan peyi ou la ki gen lespri bondye nan syèl yo nan li. Lè papa ou te la, nèg sa a te moutre jan li gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann sou li tankou bondye yo. Lè sa a, papa ou, wa Nèbikadneza, te nonmen l' chèf sou tout divinò, tout majisyen, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save yo.