1 Kings 10:8
Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 12:6Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?
Proverbs 3:13Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
Proverbs 10:21Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann.
Luke 10:39Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo.
Luke 11:31Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon.