1 Kings 10:9
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 5:12Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la.
2 Samuel 23:3Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
1 Kings 5:7Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!
2 Chronicles 2:11Lè sa a, wa Iram ekri yon lèt voye reponn Salomon. Li di l' nan lèt la: -Se paske Seyè a renmen pèp Izrayèl la kifè li mete ou wa pou gouvènen yo.
Psalms 22:8(022:9) Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.