1 Kings 11:13
Men, mwen p'ap wete tout peyi a nèt anba lòd li. Poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen chwazi pou rele m' pa m' lan, m'ap kite yon branch fanmi pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Se konsa, Seyè a fè Adad, yon moun nan fanmi wa Edon an, leve dèyè Salomon.
Cross References
Deuteronomy 9:5Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
1 Kings 11:11Seyè a di Salomon konsa: -Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m' te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou.
1 Kings 11:35Men, m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l' lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen.
1 Kings 12:17Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.
1 Kings 12:20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.